top of page

Men Gid Somerville Pop Warner

Gid sa se pou eskplike paran ak jwè yo yon ide de sa yo pral fè nan ekip sa-a.

Entrènman
Nou dwe vinn chèche timoun nou yo a 8:00 PM apre entrènman! Paran timoun ki pi jen yo dwe rete nan entrènman tou Gen yon sezon ki komanse Premye Daou (Augus  1-August 30) pou’l fini 30 daou. Entrènman yo fèt nan Foss Park de 5:30 – 8:00 PM de lendi a jedi. (10 zè de tan entrènman chak semenm) Sezon regilye komanse 4 septanm pou’l fini 28 Oktob. Entrènman fèt nan Conway Park de 6:00 PM – 8:00 PM de madi a jedi. (si zè detan entrenman chak semenm) Si entrenman pra’l fini ta pou jen ti demwazel ki ap danse yo nou rantre nan kay ki nan Park la. Lè sezon sa yo pra’l fini se entrenè-a ki pou f`e nou konnen. Se ekip ki rive nan premye ak dezyem plas ki patisipe nan sezon sa.


Match/Konpetysyon
Nan konpetisyon amikal pendan sezon ki pra’l komanse yo pa konte paske se match ki fèt nan denye monan konpetisyon an ki bon. Se toujou chak Sanmdi maten ke nou fè match amikal sa yo. Gen yon konpetisyon ki rele JAMBOREE se 4 ekip ki soti nan chak vil ki patispe nan match sa e yo jwe pou 30minit entre yo. Konpetisyon JAMBOREE pra’l komanse 26 Daou. Pendan sezon nòmal genyen 8 fwa ke ekip yo jwe pandan 8 semenm e yo jwe chak Dimanch e sezon sa ap komanse 9 Septanm. Ekip ki gen timoun pi jen yo jwe 6 fwa pandan 6 semenm preske chak dimanch e pafwa Sanmdi tou. Ekip ki kalifye yo apre sezon nomal la jwe chak fwa ke se tou pa yo. Pandan konpetisyon sa yo match yo kapab fèt chak swa oubyen chak semenm.


Lot Lè pou Paran ak Jwè yo vini
Dimanch 5 daou nou distribye ekipman. Sanmdi 8 Septanm responsab Pop Warner Football Conference of Eastern Massachusetts (PWFCEM) ap la jou sa pou pran moun ki genyen pou jwe nan ekip sa-a. Tout moun ki pra’l jwe football dwe la. Timoun ki pral jwe pou ekip sa pakapala paske se jou sa responsab yo pran pwa tout moun e di ke yo anfòm pou vinn mamb ekip sa. Se dapre laj ou ke yo ap mete ou nan yon ekip. SPW mete otobis pou transpote jwè yo de Foss Park nan kote yo pra’l pran pw e mesire otè jwe yo. Otobis la kite maten e retounen a midi. Jwè yo kapab achte manje nan kote yo pra’l pran pwa ak mesire yo. Jen demwazel yo ki pra’l danse pou ekip la se yon sanmdi nan dwa Oktob la ke yo dwe prezan. Paran demwazel sa yo dwe achte tikè pou rantre nan konpetysyon sa.
Jen demwazel ki pra’l danse yo pra’l patisipe na yon konpetysyon nan Reggie Lewis an Novanm. Parana e jwè dwe patisipe nan yon leve defon ki dire 2 zè tan. SPW fè 2 gwo leve defon tankou ranmase pwodwi nan bwat. Li fè lot leve defon tou pandan chak sezon. Ki jan leve de fon sa fèt se anpil nan jwè yo ki kanpe nan lari ki ap mande tout moun pou mete lajan nan bwat ki nan menn yo. SPW fè yon fèt pout tout jwè yo pou Prentan oubyen nan Eté-a. Tout jwè yo resevwa yon koup pou patisipasyon yo nan sezon pase-a.


Volontè
Se yon gwoup volontè ki ap dirije Somerville Pop Warner. SWP pa gen lajan pou li peye voluntè sa yo. Genyen plizye mwayen pou yon moun vinn volontè. Pa eckzanp SPW bezwen anpil volonte pou ede distribye ekipman pou jwè yo. E nou bezwen èd tou moun pandan leve defon sa. Nou bezwen anpil paran pou ede nou. Anpil paran ki vle ede SPW kapab mande pou yo fè pati gwoup volontè yo.Si ou patisipe nan entrènman nou yo li posib pou kapab vinn yon entrenè pou ekip foutbal la, e si ou vle ede fè nou konnen.

 

Inifòm e Ekipman
Paran e lot paran ki dwen legal yo dwe bay timoun yo sa yo bezwen tankou :jwè foutbol yo dwe achte soulye, choset e gode pou yo bwè dlo. Chapo pou pwoteje tèt yo (Helmet), eponj pou pwoteje kò yo, pwotej pou bouch/dan yo, inifòm pou yo vinn nan entrènman ki pra’l fèt premye semenm mwa daou.
Si jwè foutbal yo vle yo kapab achte pwoteksyon pou bouch/dan yo. Anvan premye konpetysyon an noua p bay tout jwè yo inifòm. Inifòm sa pou premye konpetisyon an e jwè dwe retounen yo apre premye match la. Tout ekipman (ecksepte pwoteksyon pou bouch/dan) dwe retounen lè sezon konpetisyon an fini. Jen ti demwazel yo dwe achte pwop souvètman ak inifòm yo; men koulè pou yo genyen: bout pantaloon e mayo koule wouj oubyen ble pou yo vinn nan entrènman; yon pè tenis, riban ak baret pou cheve yo oubyen pase cheve yo pou ale nan konpetisyon. Yo gen dwa genyen souvètman ki long oubyen kout. Sa ki yon sel jan yo tankou kostim de ben e rad ecksis yo.inifòm ki fèt an 2 pyes yo se yon bout pantalon, yon mayo ki fèt ak manch. Menn ki bò pou nou achte inifòm: Holovak & Coughlin Sporting Good ski nan Mill St, Arlington, e yo osijè de regleman SWP. Nou kapab achte inifòm nenpot lot kote depi ke nou achte koulè ke SWP mande-a. Jen demwazel ki ap danse kapab achte inifòm yo (sweatsuits) si yo vle e apre leve defon si nou gen ase lajan SWP kapab ede yo tou.


Lajan
Paran jwè foutbal ak Jen demwazel ki ap danse yo dwe peye pou yo patisipe nan  konpetisyon yo : $100 pou premye timoun an, $85 pou dezyem lan e $70 pou twazyem lan, e katryem timoun gratis. Nou remete 100% lajan pandan premye semenm entrènman, e 80 pousan jiska Labor day. SPW toujou bzwen lajan. Lajan ke ou bay pa menn kouvri tout frè pou ekipman, e li sanble ke nou ranmase anpil lajan e nou gen depans. SWP dwe peye pou tèren an: Dilboy fiel, Anbilans (EMT) e abit ki ap dirije match yo pandnan konpetisyon. SWP peye plis ke $ 1000.00 pou chak match. Nou peye tou pou ekipman ak inifòm yo tou. Chapo espesyal (HELMET) pou pwoteje tet yo sipoze ak ranje apre chak match e si yo pa byen ranje nou dwe achte lot. SWP dwe lajan pou li rete manb òganizasyon yo ak asirans. Nou pap voye okenn timoun retounen paske li pa kapab peye frè yo. Si li posib pou fè nou kado lajan oubyen vinn fè volontè na SWP li tap byen kontan.

bottom of page